Lanfé

you chatiman eténél pou ou menm peché ki pa repanti.

Zanmi peché, ou menm ki poko repanti pou peche ou yo, mwen gen you move nouvél  pou ou.

Nan Women 2:5,9       

Lesenyé di nou: "Men putét w'ap fé tét di, ou pa sóti pou chanje lavi ou. Se poutét sa, w’ap pare you pi gwo chatiman, mete la tann ou pou jou BonDye va fé wé kolé li ansanm ak jijman li k’ap fét san patipri,... pral genyen anpil soufrans ak anpil lapenn pou tout moun ki lage kó yon an fé sa ki mal,...”

  Nan Matye: 25:41

Pawol BonDye di nou: “wete kó nou sou mwen nou menm Ki gen madichon!  Al nan dife ki pap janm mouri’an, ki te pare pou diab la ak zanj li yo.”

 Chak jou w’ap viv san Kris nan monn sa-a, se peche w’ap akimile ki pral ogmante chatiman ou yo, ou pral gen pou peyé nan lanfé, epi nan gran jou sa-a, men pósyon pa ou, apré ou finn mouri san Lesenyé Jezu-Kri pat abite nan ké ou.

  #1.-

A) 

Nanm ou ap parét devan kreyaté’l, liv la deja louvri; santans lan pwononse; “wets kó nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Pawól sa yo fé eko nan tout linivé-a, epi lemonn antye vinn nan fénwa akóz kólé kreyaté-a, yo gen tan deja voye nanm ou nan flanm dife lanfé-a, kote ou pral abite ak anpil lót moun nan lanmó ki pap janm fini’an.

 ! Ala sitiyasyon ou lan terib!  Kabbann ou se flanm dife sélman li ye; sa je ou ap gade se bagay terib ki trouble lespri ou, tout sa zóréy ou ap tande se rél, se plenn, se jemisman ak doulé, epi kó ou ap santi soufrans ak chatiman ase.  Se doulé ak lamizé total ou pa kapab esplike.  Nanm ou ap gade anlé, men pa gen esperans, tout espwa fini pou ou, w’a bese tét ou até télman ou pé w’ap tranble ak anpil remó nan ké ou.

 Lé ou gade adwat, epi ou wé gwo miray lanmó yo fémin ou nan touman’l yo.

 Le ou gade agóch, epi ou wé rido flanm dife yo enpoze ou monte eskalye a, y’ap neye tout espwa ou te genyen pou chape poul ou.

 Lé ou chéche konsolasyon sou pwóp tét pa ou, men gen you véminn san pitye kap

B)

manje ou jouk nan zo, ou gade toupatou pa gen zanmi pou ede ou, men se touman sélman ki genyen tout kote.

 Pa gen espwa pou jwenn libéte, ou konn sa byen; ou tande kle pót desten ou lan ap sonnen nan gwo pót la, ou wé BonDye vini li pran’l li voye’l jete kote ki pi fon nan leténite-a pou yo pa janm jwenn li ankó.

 Pagen espwa, ou pap kapab chape ni pa gen libéte. W’a rele lanmó, men se pi gwo lénmi ou li ye, li pap vinn ede ou. W’a mande pou yo mete ou kote moun pa egziste ankó-a, enben la-a tou, li pi réd pase sa.

 W’ap anvi pou yo elimine ou menm jan ak you travayé kap tann jounen an fini pou’l al poze. Ou swaf pou yo ta lage ou nan neyan, menn jan ak you esklav kap tann libéte’l, men sa pap rive vre; soufrans lanmó-ou se pou tout leténite.

 Lé ou finn pase milyon e milyon ane ki pap janm fini, w’ap kontinye rete nan soufrans lanmó-a. lamó sa-a se pou toutan. Se you leténite ki pral ranplase leténite-a, epi nanm ou ap kapag li sa ki ekri sou tét ou: “Ou kondane pou toutan.”

 Ou pral tande plenn ki pap janm fini, w’ap wé flanm dife ki pap janme etenn, epi ou pral konnen doulé ki imposib pou ta sipóte e ou pral tande you santans ki pwononse ki pral

 

#2.-

C)

sonnen pi réd ke you kout loray ki fét byen fó, epi ki kontinye ap ogmante pifó, pifó. L’ap souke tout bagay ki nan leténite a, ak eko li, l’ap boulvése ou pou anpil anpil milyon lane, ak you bri terib k’ap etone ou ak son li: “Wete kó-nou sou mwen, wete kó nou sou mwen, wete kó-nou sou mwen nou menm ki gen madichon.”

 Men sepandan, kounyeya, nou genyen you bon nouvél pou ou, koute kisa pawól BonDye di: “Kounyeya nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fé you sél ak Jezu-Kry, pou moun ki pap mache selon laché, men selon lespri sen.”

 Ni kounyeya, ni apré pap janm gen okenn kondannasyon pou moun ki nan Kris, sa-a se you bon nouvél pou nou.

 Kounyeya menm, ou kapab sóti anba gwo danje sa-a, ki pandye sou tét ou kote ou kapab al pase tout tan o unan lanfé.

 Vinn jwenn Li, e w’ap sove, vinn pran refij sa-a ke BonDye te prepare pou retire now anba lanfé-a.  Legliz Kriz la, ou mét antre ladan’l, pa mwayen pót repantans lans, epi se konsa w’ap wé: “Pa   gen okenn kondannasyon pou moun ki fé you sél ak Jezu-Kri.”

Amenn

EDITORA LA TRINIDAD * TEL.: (809) 245-6097

Ir al principio